| The setting: At a
French Restaurant I love your "Soupe du Jour" but why does it
tastes different everyday? ~~~~~~~~~~~~~~~~~~~~~~~~~~~~~~~~~~~~~~~~~~~~~~~~ The
setting: On a US Highway (Creole)
Yon jou sou New Jersey Turnpike la yon ti nèg lakay
ap file ak tout boulin. Bap, yon "trooper"
parèt dèyè misye epi li mete sirèn
li. Zanmi an fè tankou l pa tande l pa wè. Polis
la sètoblije itilize opalè l byen wo pou l di
misye:"Pull over, pull over!"
Lè
zanmi an resi rive kanpe, ak yon anglè dwategòch, li fè polis lan
konnen se pat fòt li si l pat kanpe tousuit paske li te tande genlè se
yon moun ki rele "Pull over" yo t ap kouri dèyè
l. Kòm li pa rele Pull over, li panse se pat avèl yo te annafè.
Polis la gade misye epi li di l: "Bon m ap baw yon tikè pou pa pale
anglè." |