Translated by Allendy Doxy (
mailto:info@letspeak.com)
| KAY JAK TE BATI |
Sa se kay Jak te bati
Sa se pat
Ki sou yon kontwa nan kay Jak te bati.
Sa se rat
Ki manje pat
Ki sou yon kontwa nan kay Jak te bati.
Sa se chat
Ki te manje rat
Ki te manje pat
Ki sou kontwa nan kay Jak te bati.
Sa se chyen
Ki fè chat la pè
Chat ki te manje rat
Ki te manje pat
Sou kontwa nan kay Jak te bati.
Sa se bèf ak kòn
Ki te voye chyen anlè
Chyen ki te fè chat la pè
Chat ki te manje rat
Ki te manje pat
Sou kontwa nan kay Jak te bati.
Sa se bòn
Ki te tire bèf ak kòn
Ki te voye chyen anlè
Chyen ki te fè chat la pè
Chat ki te manje rat
Ki te manje pat
Sou kontwa nan kay Jak te bati.
Sa se yon flannè
Ki te bo bòn
Ki te tire bèf ak kòn
Ki te voye chyen an anlè
Chyen ki te fè chat la pè
Chat ki te manje rat
Ki te manje pat
Sou kontwa nan kay Jak te bati.
Sa se mamè
Ki te marye flannè
Ki te bo bòn
Ki te tire bèf ak kòn
Ki te voye chyen an anlè
Chyen ki te fè chat la pè
Chat ki te manje rat
Ki te manje pat
Sou kontwa nan kay Jak te bati.
Sa se kòk
Ki te leve tout yon blòk
Ki te leve mamè
Ki te marye flannè
Ki te bo bòn
Ki te tire bèf ak kòn
Ki te voye chyen an anlè
Chyen ki te fè chat la pè
Chat ki te manje rat
Ki te manje pat
Sou kontwa nan kay Jak te bati.
Sa se kiltivatè
Ki te mèt kòk
Ki te leve yon blòk
Ki te leve mamè
Ki te marye flannè
Ki te bo bòn
Ki te tire bèf ak kòn
Ki te voye chyen an anlè
Ki te fè chat la pè
Ki te manje rat
Ki te manje pat
Sou kontwa nan kay Jak te bati. |