Contact Us
 
Why Should We Become Literates? An adaptation in Creole by Lionel Hogu
and reviewed by Allendy Doxy.


Poukisa Pou Nou Aprann Li? (Why Should We Become Literates?)

Ki moun nou ye?

Nou se moun pòv, moun pòv anpil, men nou pa bèt.

Se poutètsa, malgre nou pa konn li

Nou rive debat kanmenm anba lavi a.

Kidonk fòk nou ka konprann poukisa

Nou dwe ale nan sant alfabetizasyon.


Paske... nou ale deja. .. epi nou tounen bèkèkè.

Èske ou konmen kisa nou vin konprann?

Zotobre yo fè sant alfabetizasyon nan pwòp enterè yo.

Petèt yo pran sant eleksyon k ap pwoche,

Oswa gouvènman an resevwa yon lajan

E fòk li depanse yon tikras pou alfabetizasyon,

Osnon gen kèk 1òt magouy nou poko dekachte.


Men sa n konnen, sa yo te aprann nou an

Pa ka sèvi nou anyen.

Aprann siyen non pa vle di anyen.

Aprann li kèk mo pa vle di anyen.

Nou ta asepte vini nan sant alfabetizasyon

Si ou t ap aprann nou kouman

Pou nou pa rete mare anba pye tab zòt.

Fòk nou ta kapab li bon jan liv,

Kalkile lajan nou sou papye

Ekri 1èt nou poukont nou

Li jounal epi konprann koze yo ekri ladan yo a.


Yon lòt kichòy ankò.

Poukisa rnonitè-animatè alfabetizasyon yo

Renmen pran pòz sou nou konsa a?

Yo fè kòmsi nou se moun sòt, iyoran, enbesil.

Yo aji ak nou kòmsi nou se timoun piti.

Konprann tèt ou monitè!

Ou konn koze ou,

Nou menm nou konnen sa ou pa konnen.

Nou pa kalbas vid,

Nou gen bonjan lide nan tèt nou,

Nou kapab reflechi.

Animatè, Monitè, konprann wòl ou!

Nou pa mango sou lateras, kenbe sa nan tèt ou.

Vyann nou gen atè nou pa gen sèl pou sale yo,

Pinga vin met abse sou klou ak 1òt pwoblèm.

Si ou vle fè sant alfabetizasyon

Kote nou ka vini ak kè kontan

Ou pap gen ase plas pou resevwa nou.

Se Granmoun ki non nou.

Sèvi nou tankou grandèt, tankou yon zanmi.


Kite kantik pran priyè.

Nou pa gen manje pou nou manje,

Rad pou nou mete, kay pou nou rete

Pirèd toujou, 1è dlo desann li bwote tout afè nou ale.

Apre inondasyon se sechrès ki pote kou pa l.

Èske sant alfabetizasyon kapab ede nou?

Ede nou jwenn yon lavi miyò?

Manje pou nou manje? Rad pou nou biye?

Yon vye joupa pou pare solèy?

Aprann li ta fèt pou ede kretyen vivan viv pi byen.

Se sa nou ta kwè.


Zòt di "On planifie les choses"

Dekilakyèl?

Kote wòch nan dlo konn santi doulè wòch nan solèy?

Tande! Èske sant alfabetizasyon

Ap pèmet nou wè klè nan sa gouvènman yo

Vle fè ak peyi nou an?

Èske sant la ap ede nou fè bèl rekòt?

Vann rekòt nou yo ak bon pri?

Jwenn kote pou nou prete lajan san kout ponya?

Monte bon jan koperativ?

Èske sant la ka fè nou jwenn bon jan semans

Ak angrè epi anpil dlo pou wouze jaden nou?

Èske demwatye yo ap kapab resevwa sa yo merite?

Èske peyizan k ap vann jounen yo

Ka espere touche kòb pou valè travay yo bay?

Se tou sa ki enterese nou,

Se sa nou vle nan yon pwogràm alfabetizasyon.

Men si se pou siyen non sèlman, nou pa ladann.


Tan lontan an pase,

Bèl pwomès pa ase pou fè nou dòmi ankò.

Èske pwogram alfabetizasyon an

Ap aprann nou travay ansanm?

Reflechi ansanm tankou frè ak sè?

Èske n ap ka aprann anmenmtan n ap reyalize kichòy?

Si se konsa nou tout ap kouri vini

Nan sant yo e nou sèten li va bon pou nou.


Nou soufri ak maladi, nou fin depafini.

Èske sant alfa ap moutre nou

Kouman pou nou okipe tèt nou?

Si se konsa n ap la.


Zòt di lalwa fèt pou pwoteje nou,

Pou regle tout zafè nou.

Men nou pa konnen lwa sa yo.

Zòt ap fè lamayòt ak lwa yo.

Èske sant la ap louvri bwat lamayòt lalwa a

Pou nou konnen atik ki pou defann nou?

Defann fanm yo, defann timoun yo,

Defann ti peyizan yo, elatriye...?


N ap tann repons, repons klè kou dlo kòk.

Atò n a deside si pou nou ale

Nan sant alfabefizasyon yo pou nou aprann li ak ekri.

Epi si nou ta wè se menm simagri yo

Bèl pawòl pou pase nou nan betiz ankò

N ap pran yon kanpe lwen.


Gras lamizèrikòd! Lè sa a kite n trankil l!

 


Lionel Hogu te adapte tèks sa a daprè "Why Should We Become
Literates?" ak lapèmisyon UNESCO. Se yon gwoup peyizan peyi Bengal, nan
End ki te konpoze tèks la. Manm ki te nan reyinyon sou alfabetizasyon ki t ap fèt
15 oktòb 1987 la te tou adopte tèks sa a kòm deklarasyon ofisyèl yo.

   

 

Corporate Member of The American Translators Association   Proud Member of NAJIT
 

HOME | WHAT'S NEW | ABOUT US | OUR CLIENTS | OUR SERVICES | QUICK RESPONSE
RESOURCES | FREELANCERS | KRIK KRAK | FEEDBACK | SEARCH | CONTENT

Send mail to webmaster@letspeak.com with questions or comments about this web site. Our Privacy policy.
Copyright © 1999-2008 Letspeak, Inc. dba LetSpeak.com®

 
Designed and Developed by Salem Associates Inc.
Feedback Search Portal