BO-PIP Translated by
Allendy Doxy (allendy@letspeak.com) Bo-Pip te pèdi
kabrit li yo. Li pat konnen kibò yo te ye. Pou li yo pat tounen paske yo
pat vle. Ou mèt kite yo, fòk yo vin chèche dlo. Dòmi pati
ak Bo-Pip anba yon pye bwa. Li te reve kabrit yo tap rele. Men lè
li finalman te vin reveye, Li wè se reve li tap reve yon istwa. Li
leve epi li pran yon baton Ak tèt won pou li ka ale chèche yo. Li
jwenn yo tout bò yon pas dlo, Men yo te san kòn. Malediksyon! Men yon
jou Bo-Pip pèdi wout li; Li mache rive nan yon klèryè. Epi
lè li gade sou yon touf flè Li wè kòn yo k ap seche an
plen midi. Li kouri, li monte, li desann tout kalite mòn wo Pou wè
si li ta rive kole ankò tout kòn yo Tankou nenpòt bon gadò kabrit ta fè.
Men ou remake Bo-Pip pat doktè. |