Who is Silvia? by William Shakespeare
Translated by Allendy Doxy (mailto:info@letspeak.com)
KILÈS KI SILVIA?
Kilès ki Silvia? Kilès
ki fè tou anmoure vle l?
Li sen, li bèl, li gen sajès;
Syèl Bondye te bali bèlte l
Pou moun admire l kòm yon prensès.
Èske l bèl menm jan l janti tou?
Bèlte mache ak bonte.
Nan je l vle rete lanmou,
Paske lanmou ap chèche ede
Wete vwal nan je pa misye tou.
Pou Silvia annou chante,
Silvia se yon bèl fi li ye;
Pa gen yon nanm ki rete
Sou tè a li pa depase:
Pou li anpil gilann nou pote.