The Flea and the Professor by Hans Christian
Anderson
Translated by Allendy Doxy (allendy@letspeak.com)
Yon Pinèz ak
Yon Pwofesè
Te genyen yon mesye ki te konnen vole nan
yon gwo balon. Yon jou balon an pete. Mesye a soti tonbe byen
wo; li fè timoso atè a. Men avan sa rive, li te fè sèl pitit
gason li desann nan yon parachit. Ti nèg la te gen chans. Ti
gason an pat gen lòt fanmi. Men papa l te montre l kouman pou
li monte balon, fè balon. Men yon sèl pwoblèm, li pat genyen
yon balon, ni lajan pou li te achete youn.
Kisa li t ap pral fè kounye a? Sa li fè,
li kòmanse ap fè cho maji, fè bagay disparèt ak men li, pale
san li pa bat bouch li; sa yo rele vantrilòk la. Kòm li te yon
jèn gason byen kanpe, fi te kòmanse ap gade l ak je dou - sitou
li te pouse yon moustach epi li te toujou byen abiye. Yo te
pran li pou yon gran nèg. Anpil nan medam yo te tonbe pou li;
youn ladan yo te deside marye ak misye. Yo vwayaje toupatou.
Misye te kòmanse rele tèt li pwofesè; li pat vle pèsonn rele
li aryen ankò sinon pwofesè.
Men sa li te toujou vle, se pou li achete
yon balon epi vole ak madanm li - lajan potko ka vini.
"L ap vini!" li di.
"Si se te vre!" madanm li di.
"Nou jèn toujou! Kounye a mwen se yon pwofesè! Mwatye yon pen
pibon pase aryen ditou."
Madanm misye se te yon bon ti madanm. Li
te konnen chita deyò nan fredi pou li vann tikè pou cho yo.
Li menm te konn ede misye nan cho yo tou. Misye te konn mete
madanm li nan yon tiwa sou yon gwo tab. Madanm li te konn file
kò l nan yon lòt tiwa padèye sa ki devan an. Moun pat ka wè
l. Men yon swa, misye rale tiwa a madanm nan pat ladan l. Li
pat nan tiwa devan an, ni nonpli li pat nan tiwa deyè a, ni
nan tout sal teyat la. Madanm lan te disparèt. Li pat janm retounen;
li te fatige ak lavi l tap mennen ak misye a. Misye li menm
te kòmanse malad. Cho yo pat komik ankò. Pesonn pat ale nan
cho yo ankò. Misye pat gen lajan ankò pou l achete bèl rad.
Misye te pèdi tout sa l te genyen. Misye te vinn pòv. Yon sèl
bagay ki te rete, se te yon pinèz madanm li te bali. Misye te
renmen pinèz la anpil. Li te montre pinèz la bagay li te konn
fè nan cho yo. Li montre pinèz la kouman pou li tire epe, tire
kanon - yon ti kanon.
Pwofesè a te fyè de pinèz la epi pinèz la
limenm te fyè de tèt li tou paske li te aprann anpil bagay,
li te genyen san moun nan venn li, li te vizite pi gwo vil ki
genyen yo epi tou prens ak prensès te renmen l. Li te panse
li te yon selebrite epi li te ka pran swen pwofesè a, avrèdi
tout yon fanmi.
Menmsi li te fyè epi selèb, lè pinèz la t
ap vwayaje ak pwofesè a nan tren, se te nan twazyèm klas yo
te konn vwayaje. Yo di premye ak twazyèm klas ale ak menm vitès.
Yo te deside yo pa t ap janm separe ni marye; pinèz la t ap
rete selibatè epi pwofesè a t ap rete vèf.
"Kote w jwen plis siksè, ou pa ale la de
fwa!" pwofesè a di. Pwofesè a te konn etidye moun. Li te di
ou ka aprann anpil bagay si w etidye moun.
Alafen, yo te vwayaje nan tout peyi eksepte
peyi moun sovaj yo. Yo te deside ale nan peyi moun sovaj yo.
Yo te tande yo di nan peyi sila, yo konn manje kretyen vivan;
men pwofesè a pat yon bon kretyen epi pinèz la pat yon moun
vre. Kidonk, li te panse yo pat ap genyen okenn pwoblèm pou
yo ale la.
Yo te vwayaje nan yon bato ak vwal. Yo te
vwayaje nan bato ak motè. Sou wout la pinèz la te bay yon cho.
Yo pat fè yo peye pou vwayaj la. Finalman, yo rive nan peyi
moun sovaj yo.
Peyi a te genyen yon ti prensès ki gen uit
an alatèt li, men li te rèd. Li te pran wayòm lan nan men papa
l ak manman l paske li te pran yo nan plan. Li te anba chal
men ou ta di se yon ti zanj.
Pinèz la pat ko fini tire epe ak tire ti
kanon an prensès la te tonbe pou li. Prensès la di se swa li
marye ak pinèz oswa li pap marye ak pèsonn! Prensès la te fou
ak lanmou - fou, se mo a menm.
"Pitit mwen cheri!" papa l di. "Si sèlman
nou te kapab fè l tounen yon moun anvan sa."
"Pa okipe w de sa, vye granmoun!" prensès
la di. Sa pat yon bèl fason pou prensès la te pale ak papa l
- men ou konnen tifi a te fòl, sovaj.
Li mete pinèz la nan pla men l.
"Kounye a ou se yon moun epi w ap gouvène
ansanm ak mwen. Men ou dwe fè sa mwen di w sansa m ap touye
w epi m ap manje pwofesè a."
Yo bay pwofesè a yon gwo chanm pou li rete.
Mi nan chanm lan te fèt ak sik. Li te ka niche l si li te vle.
Men l pat renmen bagay sikre pasesa. Pou kabann yo te bali yon
kad. Li te santi l tankou li te nan yon balon; bagay li te toujou
ap chèche a.
Pinèz la te rete ak prensès la. Li te konn
chita nan pla men li, pafwa tou sou kou delika prensès la. Pwofesè
a te pran yon branch cheve prensès la li te mare l nan pye pinèz
la. Prensès la limenm te mare branch cheve a nan zanno poslèn
nan zorèy li.
Ala yon bon moman n ap pase ansanm, prensès
la te panse. Men pwofesè pat twò kontan paske li te renmen vwayaje
de vil an vil, li nan jounal kouman ak pasyans li te ede yon
pinèz tounen moun. Jou aprè jou, li kouche sou kad li a. Li
manje byen. Yo bali ze zwazo, je elefan epi giraf fri; ou konnen
kanibal pa manje moun tout tan - se yon pla pou etranje. Zepòl
yon ti bebe ak yon sòs pike se sa ki bon, manman prensès la
te konn di.
Pwofesè a te kòmanse anuiye. Li te vle kite
peyi moun kanibal sa yo; men li pat vle kite pinèz la dèyè paske
se ak pinèz la li fè lajan l. Kouman li pral pran pinèz la nan
men prensès la? Sa pap fasil.
Tèt li fè l mal tèlman l ap panse kouman
pou li fè. Finalman li di: "Mwen konnen kisa mwen pral fè!"
"Papa prensès la," li di, "ak respè kite
mwen montre w yon bagay! Pèmèt mwen anseye pèp peyi w lan kouman
yo dwe prezante yo an piblik - sa gwo peyi yo rele bon ledikasyon!"
"Kisa w kapab anseye m?" papa prensès la
mande.
"Sa mwen konnen pi byen an," pwofesè a di.
"Tire yon kanon k ap fè tout la tè tranble; tout zwazo byen
gou k ap vole yo pral tonbe atè a byen griye. Sa w ap tande
sèlman se yon gwo beng!"
"Pote kanon an!" papa prensès la di.
Men nan tout peyi a pat genyen yon kanon
eksepte sa pinèz la te pote a, men li te piti.
"Mwen pral fè yon pi gwo!" pwofesè a di.
"Sèlman ban m mwayenpou sa! Mwen bezwen twal swa, yon zegui
ak fil, kòd epi pou yon balon gout maladi ki fè van ak limyè
monte pou bay rapò nan vant kanon an."
Pwofesè a te jwen tout sa li te mande yo.
Tout peyi a te vin wè gwo kanon an. Pwofesè
a te rele yo lè li te fini pare balon an pou l ale. Pinèz la
te chita nan pla men prensès epi l ap gade. Balon an te gonfle
epi yo pat ka kenbe l ankò.
"Mwen bezwen ale nan syèl pou m fè li frèt,"
pwofesè a di. Li monte nan balon an. "Mwen pap kapab navige
poukont mwen; mwen bezwen yon moun kapab pou ede m. Pa genyen
yon moun ki kapab eksepte pinèz la!"
"Mwen pa renmen bagay sila!" prensès la di;
men li bay pwofesè a pinèz
la. Pwofesè a mete pinèz la nan pla men l.
"Lage kòd yo!" pwofesè a di. Balon an ap
monte.
Yo te panse li di kanon an ap monte!
Konsa balon an monte, monte, monte byen wo,
sou tèt nwaj yo - lwen peyi moun sovaj yo, kanibal yo.
Ti prensès la, papa l, manman l, tout pèp
la rete y ap gade. Yo t ap tann. Yo toujou ap tann. Si w pa
kwè m ale nan peyi moun sovaj yo kote tout timoun ap pale de
pwofesè a ak pinèz la - y ap tann yo retounen lè kanon an fini
frèt. Men ni pwofesè a ni pinèz la pap retounen paske yo lakay
yo, nan peyi yo. Kounye a se nan tren premye klas yo vwayaje
pa twazyèm klas. Yo fè anpil lajan ak balon an. Pèsonn pa mande
yo kibò oswa kouman yo fè genyen balon an. Tout moun respeke
pwofesè a ak pinèz la paske yo gen anpil lajan.