Learn more about what we do

Welcome to our website


Why Should We Become Literates?
An adaptation in Haitian Creole by Lionel Hogu and reviewed by Allendy Doxy ([email protected]) with permission.

Poukisa Pou Nou Aprann Li? (Why Should We Become Literates?)

Ki moun nou ye?

Nou se moun pòv, moun pòv anpil, men nou pa bèt.
Se poutètsa, malgre nou pa konn li
Nou rive debat kanmenm anba lavi a.
Kidonk fòk nou ka konprann poukisa
Nou dwe ale nan sant alfabetizasyon.

Paske... nou ale deja. .. epi nou tounen bèkèkè.
Èske ou konmen ki sa nou vin konprann?
Zotobre yo fè sant alfabetizasyon nan pwòp enterè yo.
Petèt yo pran sant eleksyon k ap pwoche,
Oswa gouvènman an resevwa yon lajan
E fòk li depanse yon tikras pou alfabetizasyon,
Osnon gen kèk lòt magouy nou poko dekachte.

Men sa n konnen, sa yo te aprann nou an
Pa ka sèvi nou anyen.
Aprann siyen non pa vle di anyen.
Aprann li kèk mo pa vle di anyen.
Nou ta asepte vini nan sant alfabetizasyon
Si ou t ap aprann nou kouman
Pou nou pa rete mare anba pye tab zòt.
Fòk nou ta kapab li bon jan liv,
Kalkile lajan nou sou papye, 
Ekri lèt nou poukont nou, 
Li jounal epi konprann koze yo ekri ladan yo a.

Yon lòt kichòy ankò.
Poukisa rnonitè-animatè alfabetizasyon yo
Renmen pran pòz sou nou konsa a?
Yo fè kòmsi nou se moun sòt, iyoran, enbesil.
Yo aji ak nou kòmsi nou se timoun piti.
Konprann tèt ou monitè!
Ou konn koze ou,
Nou menm nou konnen sa ou pa konnen.
Nou pa kalbas vid.
Nou gen bonjan lide nan tèt nou.
Nou kapab reflechi.
Animatè, Monitè, konprann wòl ou!
Nou pa mango sou lateras, kenbe sa nan tèt ou.
Vyann nou gen atè nou pa gen sèl pou sale yo.
Pinga vin met abse sou klou ak lòt pwoblèm.
Si ou vle fè sant alfabetizasyon
Kote nou ka vini ak kè kontan
Ou pap gen ase plas pou resevwa nou.
Se Granmoun ki non nou.
Sèvi nou tankou grandèt, tankou yon zanmi.

Kite kantik pran priyè.
Nou pa gen manje pou nou manje,
Rad pou nou mete, kay pou nou rete. 
Pirèd toujou, lè dlo desann li bwote tout afè nou ale.
Apre inondasyon se sechrès ki pote kou pa l.
Èske sant alfabetizasyon kapab ede nou?
Ede nou jwenn yon lavi miyò?
Manje pou nou manje? Rad pou nou biye?
Yon vye joupa pou pare solèy?
Aprann li ta fèt pou ede kretyen vivan viv pi byen.
Se sa nou ta kwè.

Zòt di "On planifie les choses"
Dekilakyèl?
Kote wòch nan dlo konn santi doulè wòch nan solèy?
Tande! Èske sant alfabetizasyon
Ap pèmet nou wè klè nan sa gouvènman yo
Vle fè ak peyi nou an?
Èske sant la ap ede nou fè bèl rekòt?
Vann rekòt nou yo ak bon pri?
Jwenn kote pou nou prete lajan san kout ponya?
Monte bon jan koperativ?
Èske sant la ka fè nou jwenn bon jan semans
Ak angrè epi anpil dlo pou wouze jaden nou?
Èske demwatye yo ap kapab resevwa sa yo merite?
Èske peyizan k ap vann jounen yo
Ka espere touche kòb pou valè travay yo bay?
Se tou sa ki enterese nou,
Se sa nou vle nan yon pwogràm alfabetizasyon.
Men si se pou siyen non sèlman, nou pa ladann.

Tan lontan an pase,
Bèl pwomès pa ase pou fè nou dòmi ankò.
Èske pwogram alfabetizasyon an
Ap aprann nou travay ansanm?
Reflechi ansanm tankou frè ak sè?
Èske n ap ka aprann anmenmtan n ap reyalize kichòy?
Si se konsa nou tout ap kouri vini
Nan sant yo e nou sèten li va bon pou nou.

Nou soufri ak maladi, nou fin depafini.
Èske sant alfa ap moutre nou
Kouman pou nou okipe tèt nou?
Si se konsa n ap la.

Zòt di lalwa fèt pou pwoteje nou,
Pou regle tout zafè nou.
Men nou pa konnen lwa sa yo.
Zòt ap fè lamayòt ak lwa yo.
Èske sant la ap louvri bwat lamayòt lalwa a
Pou nou konnen atik ki pou defann nou?
Defann fanm yo, defann timoun yo,
Defann ti peyizan yo, elatriye...?

N ap tann repons, repons klè kou dlo kòk.
Atò n a deside si pou nou ale
Nan sant alfabefizasyon yo pou nou aprann li ak ekri.
Epi si nou ta wè se menm simagri yo
Bèl pawòl pou pase nou nan betiz ankò
N ap pran yon kanpe lwen.
Gras lamizèrikòd! Lè sa a kite n trankil l!

Lionel Hogu te adapte tèks sa a daprè "Why Should We Become Literates?" ak lapèmisyon UNESCO. Se yon gwoup peyizan peyi Bengal, ann End ki te konpoze tèks la. Manm ki te nan reyinyon sou alfabetizasyon ki t ap fèt 15 oktòb 1987 la te tou adopte tèks sa a kòm deklarasyon ofisyèl yo.

Read more